Ou kapab tcheke estati ranbousman enpo sou revni pou ane 2022 w lan nan 24è apre ke w te fin fè deklarasyon elektwonik lan. Tanpri bay yon 3 oswa 4 jou apre ou fin fè deklarasyon elektwonik ane fiskal 2020 ak 2021 ou an . Si ou te soumèt deklarasyon ou an sou papye, tanpri ban nou 4 semèn anvan ou tyeke estati w.

 

Verifye Ranbousman ou

Yo mete enfòmasyon yo ajou yon fwa pa jou, pandan lannwit.

Sa Ou Bezwen

  • Nimewo Sekirite Sosyal ou oswa Nimewo Idantite kontribiyab ou
  • Estati depo ou
  • Montan egzat ranbousman sou deklarasyon ou an

Verifye Rabousman ou (an anglè)


Ou ap sèvi ak yon Aparèy Mobil?

Verifye ranbousman ou sou aplikasyon IRS2Go a.

Anvan ou Depoze yon Dezyèm Deklarasyon Enpo

Depoze menm deklarasyon an ankò nòmalman pap fè ranbousman ou an ale pi vit, epi ta ka menm lakoz reta.

Sepandan, ou ta dwe retounen voye deklarasyon taks ou, pa vwa elektwonik si posib, si tout sa yo aplike:

  • Yo dwe ou yon ranbousman,
  • Ou te deklare sou papye sa gen plis pase 6 mwa deja, epi
  • Kote Ranbousman Mwen pa montre ke nou te resevwa deklarasyon ou.

Retounen voye deklarasyon taks ou sèlman si tout pwen anlè yo konsène ou.

Kilè pou ou Rele Nou

Rele nou pou estati ranbousman ou an sèlman si Kote Ranbousman Mwen mande ou pou w kontakte nou.

Nimewo telefòn IRS ak opsyon èd pou enpo yo

Si Ranbousman Ou Anreta

Ranbousman w lan ka gen reta si deklarasyon w lan bezwen koreksyon oswa plis revizyon. Si nou bezwen plis enfòmasyon pou trete deklarasyon w lan, n’ap kontakte w pa lapòs.

Poukisa ranbousman w lan ka pètèt ap pran plis tan (an anglè)


Asosye

Enfòmasyon Ranbousman (an anglè)
Kesyon yo poze souvan sou sezon ranbousman taks
Depo dirèk
Espas Tan Ou Ka Pran Pou Reklame yon Kredi oswa yon Ranbousman