Kite N Ede W

Zouti ak Resous Anliy

W ap tann yon ranbousman?

  • IRS la bay plis pase 9 sou 10 ranbousman nan mwens pase 21 jou.

Kilè pou w verifye estati ranbousman w lan:

Nan 24 è apre nou fin resevwa deklarasyon ou te depoze pa vwa elektwonik la; oswa

  • 4 semèn apre ou fin voye deklarasyon sou papye w la lapòs.

Ou ta dwe rele sèlman si:

Sa ap pran nou plis tan pou nou trete deklarasyon pa lapòs yo ansanm avèk deklarasyon sou papye yo. N ap trete tout dokiman lapòs yo nan lòd nou resevwa yo a. Pa soumèt yon dezyèm deklarasyon taks ni rele IRS. Jwenn dènye enfòmasyon sou operasyon ak sèvis IRS yo (an anglè).

Anpil fanmi te resevwa pèman avans Kredi Taks pou Timoun nan 2021 an. Ou kapab wè total pèman avans ou yo sou:

Rekonsilye (konpare) total ou te resevwa a avèk montan ou kalifye pou reklame a lè ou fè deklarasyon taks 2021 w lan.

Si ou pat resevwa pèman avans yo, ou kapab reklame tout montan Kredi Taks pou Timoun 2021 an depi ou kalifye — menm si ou pa fè yon deklarasyon taks nòmalman. Pou w reklame tout Kredi Taks pou Timoun nan, depoze yon deklarasyon taks 2021 (an anglè).

Pou plis enfòmasyon, gade Ane Fiskal 2021/Kesyon yo Poze Souvan sou Kredi Taks pou Timoun nan pou Sezon Deklarasyon 2022 a (an anglè).

Preparasyon an

Èd pou deklarasyon

Deklarasyon

Pou jwenn ranbousman w lan pi rapid, soumèt deklarasyon w lan pa vwa elektwonik epi chwazi depo dirèk pou ranbousman w lan.

Remak: Ou pap kapab jwenn AGI w la nan telefòn. Pou jwenn AGI w la rapid, mande yon relve taks anliy oswa ale sou Kont Anliy ou.

Deklare pa lapòs

L ap pran nou plis tan pou nou trete deklarasyon nou resevwa lapòs yo ansanm avèk deklarasyon sou papye yo tou. N ap trete tout dokiman lapòs yo nan lòd nou resevwa yo a. Pa soumèt yon dezyèm deklarasyon taks ni rele IRS. Jwenn dènye enfòmasyon sou operasyon ak sèvis IRS yo (an anglè).

Kesyon ki kouran yo
Itilize Asistan Taks Entèraktiv nou an pou reponn kesyon ki an rapò ak taks ou yo, tankou:

Pou verifye estati deklarasyon amande w la:

  • Ou dwe tann 3 semèn apre ou fin soumèt fòm nan anvan w itilize zouti Kote Deklarasyon Amande Mwen an?

Ou ta dwe rele sèlman si:

  • Sa gen plis pase 16 semèn depi ou te voye deklarasyon amande w la lapòs; oswa
  • Zouti Kote Deklarasyon Amande Mwen an? mande ou pou w rele nou.

Sa ap pran nou plis tan pou nou trete dokiman nou resevwa pa lapòs yo ansanm avèk deklarasyon sou papye yo tou. N ap trete tout dokiman lapòs yo nan lòd nou resevwa yo a. Pa soumèt yon dezyèm deklarasyon taks ni rele IRS. Jwenn dènye enfòmasyon sou operasyon ak sèvis IRS yo (an anglè).

 Asistans nan Telefòn ak Lokal

Asistan nan telefòn nou yo kapab ede konsènan anpil sijè men, gade lis sijè asistan nou yo pa ka abòde yo (an anglè).

Verifye idantite w lè w rele

Reprezantan nou yo dwe verifye idantite w anvan nou diskite sou enfòmasyon pèsonèl ou.

Mete sa annapre yo prè lè ou rele:

Moun yo

  • Nimewo Sekirite Sosyal yo (SSN) ak dat nesans yo
  • Nimewo Idantifikasyon Kontribyab Pèsonèl (ITIN) pou kontribyab ki pa genyen yon nimewo Sekirite Sosyal
  • Kondisyon fiskal – selibatè, chèf fwaye, marye k ap fè deklarasyon konjwen, oswa marye k ap fè deklarasyon apa
  • Deklarasyon taks ane ki pase
  • Deklarasyon taks w ap rele pou li a
  • Tout korespondans nou te voye ba ou

Lòt pati k ap rele pou yon lòt moun

Lòt pati k ap rele pou yon kontribyab ki mouri

Nimewo telefòn IRS – Dire Atant Apèl yo

Sezon Deklarasyon
(Janvye - Avril)

  • Dire atant pou sèvis nan telefòn yo kapab 13 minit an mwayèn. Gen liy sèvis telefonik ki ka gen dire atant ki pi long.
  • Dire atant pou sèvis nan telefòn yo pi long jou lendi ak madi, pandan wikenn Jounen Prezidan (Presidents Day) ak nan alantou dat limit deklarasyon fiskal mwa avril la.

Sezon Apre Deklarasyon
(Me - Desanm)

  • Dire atant pou sèvis nan telefòn kapab 19 minit an mwayèn. Gen liy sèvis telefonik ki ka gen dire atant ki pi long.
  • Jeneralman, dire atant sèvis telefonik yo pi long jou lendi ak madi.

Liy asistans nou yo louvri soti lendi rive vandredi. Rezidan Alaska ak Hawaii ta dwe swiv lè Pasifik la. Liy telefòn nan pòtoriko yo louvri soti 8 è nan maten pou 8 è nan aswè nan lè lokal.

Moun yo
800-829-1040
7 è nan maten pou 7 è nan aswè, lè lokal

Antrepriz yo
800-829-4933
7 è nan maten pou 7 è nan aswè, lè lokal

Taks benevòl yo
877-829-5500
8 è nan maten pou 5 è apremidi, lè lokal

Taks sou imobilye ak don (Fòm 706/709)
866-699-4083
8 è nan maten pou 3:30 nan apremidi, lè ès

Taks sou asiz
866-699-4096
​​​​​8 è nan maten pou 6 è nan aswè, lè ès

Moun  k ap rele depi aletranje yo
itilize paj Sèvis Entènasyonal nou an. 

Moun ki gen pwoblèm tande k ap rele yo
TTY/TDD 800-829-4059

Sèvis Entèpretasyon
Si ou pa kapab jwenn repons pou kesyon sou taks ou yo sou IRS.gov, nou kapab ofri w èd nan plis pase 350 lang gras ak sipò entèprèt pwofesyonèl yo. Pou asistans nan lang panyòl, rele 800-829-1040. Pou tout lòt lang, rele 833-553-9895. W ap jwenn yon asistan IRS k ap kapab:

Demann pou yon rankont fas-a-fas pou èd
Ou kapab pran yon randevou nan yon biwo lokal IRS pou w jwenn èd. Lè randevou yo varye selon pwoblèm taks yo ak kote biwo yo ye. 

Pou pwoteje kontribyab yo ak anplwaye yo, Zouti Depistaj COVID-19 la (an anglè) disponib pou moun yo ka detekte sentom yo poukont yo. Zouti sa se pou anplwaye IRS yo, kontribyab yo, pwofesyonèl taks yo ak lòt ankò itilize, si yo vle, anvan yo antre nan yon batiman IRS. IRS la angaje li pou li bay pwoteksyon kont pwopagasyon COVID-19 la, e nou ankouraje moun yo itilize zouti oto-depistaj sa a anvan yo ale nan yon batiman IRS.

Ou kapab jwenn biwo ki pi pre w la gras ak zouti Lokalizatè Asistans pou Kontribyab (an anglè). Depi ou fin jwenn biwo lokal ou a, gade ki sèvis ki disponib. Epi rele 844-545-5640 pou w pran yon randevou.

Biwo IRS yo fèmen nan jou konje nasyonal yo (an anglè).

Gen Èd pou Deklarasyon Taks Gratis Disponib
Kèk kontribyab ka kalifye pou jwenn èd pou preparasyon deklarasyon taks gratis ak deklarasyon elektwonik nan yon biwo ki toupre kote yo rete a. Pou plis enfòmasyon, gade Volontè pou Asistans pou Taks sou Revni ak Konsèy sou Taks pou Pèsonaj yo.

Sèvis Defans pou Kontribyab
Si ou gen pwoblèm taks akoz difikilte finansyè oswa menas mezi defavorab imedya epi ou pat anmezi pou w rezoud yo avèk IRS la, Sèvis Defans pou Kontribyab (TAS) (an anglè) la ka anmezi pou l ede ou.