Nou aksepte pèman total ak pèman pasyèl, ansanm avèk pèman pou yon plan vèsman (ki gen ladan plan vèsman). Penalite yo ak enterè yo ap ogmante jiskaske ou fin peye tout balans ou.

 

Konekte pou Ou Peye epi Gade Istorik Pèman Ou

Pou patikilye yo sèlman.

  • Gade montan ou dwe, detay plan pèman ou yo, istorik pèman, ak tout pèman ki ankou ak pèman ki pwograme pou fèt yo.
  • Fè yon pèman nan menm jou apati kont labank ou pou balans ou, plan pèman, enpo estime, oswa lòt kalite pèman.
Peye apati Kont Labank Ou

Pou patikilye yo sèlman. Pa gen egzijans pou enskripsyon. IRS p ap pran frè. Pwograme pèman pou jiska yon lane davans.

Peye ak Kat Debi, Kat Kredi oswa Bous Dijital (egzanp, PayPal)

Pou patikilye ak biznis (se pa pou depo taks sou pewòl). Yo pran frè sou sa.

Fè Pèman Biznis oswa Pwograme Pèman Estime yo avèk Sistèm Pèman Taks Federal Elektwonik la (EFTPS)

Pou biznis yo, pwofesyonèl taks yo, ak patikilye yo. Fè pèman apati yon kont labank. Gen egzijans anwolman.

Ou Bezwen Plis Tan Pou Ou Peye?

Deklare epi peye taks ou nan dat oud we fè sa pou ou evite yon penalite, menm si ou pa ka peye sa ou dwe.

Pou patikilye yo ak biznis yo: Aplike anliy pou yon plan pèman (ansanm ak plan vèsman) pou ou kontinye peye balans ou ofiramezi. Gen frè sou sa.


Gade si ou kalifye pou yon Pwopozisyon Konpwomi pou ou ka peye mwens pase dèt ou genyen yo.


Si w ap rankontre difikilte finansyè, ou ka elijib pou ou mande retade lakòlèk tanporèman (an anglè) jiskaske finans ou amelyore.

 

Lòt Fason Ou Ka Peye